Tradiktè: Lunise Jules
Lea esta historia en español, traducida por Gabriela Rivera
Read this story in English

Nan kòmansman mwa Novanm nan, eta Delaware mete sou pye yon Biwo pou Nouvo Ameriken avèk Rony Baltazar-Lopez kòm premye direktè. 

Rony Baltazar-Lopez, director of the Delaware Office of New Americans (courtesy)

Baltazar-Lopez konnen byen sou ki konsèp biwo sa chita: depi okòmansman, li te travay pou fè pwopozisyon lwa sa rive pase nan vil Dover, ak lespwa pou fasilite plis resous rive jwenn moun menm jan ak paran li yo, ki te soti nan peyi Meksik ak Guatemala vini viv nan Delaware 

Baltazar-Lopez di konsa, “Egziste nan yon espas kòm imigran, eksperyans mwen se toujou kraze epi konkeri barikad nan wout mwen. Papa m ak manmanm, se panyòl yo pale. Paske m te oblije toujou ap tradwi pou yo, akonpaye yo epi defann yo, mwen te devlope yon lòt fason pou m wè la vi a.”

Depi lide a gaye, sa fè plis pase dizan, prèske mwatye eta yo nan Etazini te adopte lwa pou tabli Offices of New Americans (ONA — Biwo pou Nouvo Ameriken). Pandan kanpay eleksyon Gouvènè Matt Meyer, nan lane 2024, li te anonse angajman li te pran pou li louvè youn nan Delaware.

“Egziste nan yon espas kòm imigran, eksperyans mwen se toujou kraze epi konkeri barikad nan wout mwen.”

Rony Baltazar-Lopez, Biwo pou Nouvo Ameriken ki nan Delaware

Se Senatè Eta Delaware Darius Brown nan Wilmington ki te pwopoze lwa pou otorize biwo sa nan mwa Fevriye 2023. Pwopozisyon an te pase byen fasil nan eleksyon yo epi nan nivo Komite Sena a pou Afe Gouvènmantal nan menm ane sa. Nan Mwa Janvye 2025, yo te prezante yon vèsyon mizajou pwopozisyon lwa a bay Sena a–Senate Bill 27–ki te pase nan komite a nan mwa Mas 2025.

Senatè Brown te eksplike Technical.ly nan mwa Avril, “Objektif biwo sa se pou ede moun ki rete nan Delaware jwenn wout yo nan sistèm gouvènman epi pou delivre pi byen bay popilasyon sa yo sèvis gouvenman an mete la pou yo.” 

Lè sa, potko genyen yon repons definitif sou a ki moman Biwo ONA Delaware la t ap louvri, paske eta yo t ap jere kesyon rediksyon nan fon federal yo. Jodi a, biwo a operasyonèl, epi eksperyans moun ki alatèt li a montre ke li t ap antrene lontan pou yon pòs konsa.

Konprann bezwen kominote imigran yo

Pandan pi fò tan nan karyè li, Baltazar-Lopez konsantre li sou bezwen imigran. 

Aprè li te fin gradye nan Inivèsite Delaware nan lane 2017 kote li te soti ak yon lisans nan Syans politik ak Gouvènman, Baltazar-Lopez te travay pou Senatè Etazini Tom Carper sou yon dosye ki te gen ladan koze imigrasyon, sekirite enteryè ak afè etranje. Li retounen nan gouvènman eta yo de zan pi ta kote li te travay pou biwo Pwokirè Jeneral (ekivalan Minis Lajistis) la nan kesyon kominikasyon. Aprè sa, li retounen nan Depatman Leta Delaware kote l ap travay depi prèske senk lane nan lejislasyon ak kominikasyon.

Pandan tan sa, Baltazar-Lopez te kolabore ak Senatè Eta Brown sou rafine plizye vèsyon pwopozisyon lwa li te soumèt pou tabli Office Of New Americans–ONA  nan.

“Sa vin kòmanse ak premye pwopozisyon an, sa gen kèk lane.” Baltazar di, “Mwen raple yo  ta pral rele biwo a Office of New Delawareans, Biwo pou Nouvo Abitan Delaware.”  Aprè plizyè echanj avèk Senatè a epi lòt aktè nan sosyete a, yo te chanje non an epi rele l  Biwo pou Nouvo Ameriken. Youn nan rezon yo se paske li te pi fasil pou yo tradwi l.

Koulye a Baltazar-Lopez alatèt ONA nan Delaware, li ap ensiste sou yon objektif ki se sipòte epi ogmante travay òganizasyon kominotè yo deja ap reyalize.

Baltazar-Lopez di, “Objektif prensipal nou nan mwa k ap vini yo se pou nou mache, vizite epi koute kominite imigran yo ak tout òganizasyon k ap bay yo sèvis.Òganizasyon sa yo ap sèvi kominote imigran yo–kit yo pale panyòl, kreyòl oswa nenpòt lòt lang–nou konnen se òganizasyon sa yo ki ap fè travay la.”

Aprè yo fin mache epi koute bezwen yo, ONA pral bati yon plan epi travay ak patnè ki egziste deja yo, yon fason pou yo evite fè diplikata.

Sa w dwe konnen

Ki sa Biwo pou Nouvo Ameriken nan Delaware la ye?
Se yon nouvo biwo eta a kreye pou ede imigran, ak tout lòt moun ki fèk vini, chache jwenn sa yo bezwen kòm sèvis nan men gouvenman an pi fasil. Pa eganp, ede moun konprann pou ki pwogram yo kalifye epi mete yo an kontak ak kote ki genyen resous disponib pou yo.

Ki moun ki alatèt biwo sa?
Nouvo direktè a se Rony Baltazar-Lopez, yon pitit natif natal Milford, yon pitit imigran ki soti nan peyi Meksik ak Guatemala.  Li gen eksperyans travay nan imigrasyon, nan sekirite enteryè ak afè etranje nan biwo Senatè Etazini yo rele Tom Carper, epi pi ta li te travay nan Biwo Pwokirè Jeneral ak Depatman Eta Delaware.

Kote lide pou biwo sa soti?
Senatè Darius Brown se premye moun ki te vini ak pwopozisyon lwa pou kreye biwo sa, sa gen kèk lane. Pou kòmanse, yo te rele li  “Biwo Nouvo Moun ki Vin Rete nan Delaware.” Aprè yo fin ranmanse reyaksyon nan men Baltazar-Lopez ak lòt aktè nan sosyete a, yo pase men nan pwopozisyon lwa a–Senate Bill 27– ki te deja fin pase nan komite a nan kòmansman ane sa, epi yo mete sou pye biwo a ke yo rele Office of New Americans (Biwo pou Nouvo Ameriken).

Ki sa ki pral premye travay biwo sa?
Baltazar-Lopez di, premye priyorite li se mache nan kominote imigran yo pou koute yo epi koute òganizasyon ki deja ap sèvi kominote ki pale panyòl, kreyòl oswa nenpòt lòt lang. Objektif la se konprann bezwen yo, fè bon kowòdinasyon ak patnè ki egziste deja, pase pou yo al refè travay ki ap fèt deja.

Pouki sa Delaware bezwen biwo sa koulye a?
Plis pase youn sou 10 abitan Delaware te pran nesans andeyò peyi Etazini. Pati sa yon ti kras pi piti pase mwayèn nasyonal la, men lidè eta Delaware yo di ke lè yo ede moun ki fèk vini  entegre tèt yo nan sosyete a, sa bay ekonomi lokal ak kominote yo jarèt–sa voye yon mesaj pou di tout moun ke Delaware louvri bra pou resevwa moun nan yon moman kote gen laperèz ak kè sote pou imigran.

Ann konpare Delaware ak lòt eta yo?
Prèske mwatye eta yo nan Etazini genyen yon Biwo pou Nouvo Ameriken. Delaware vin jwenn ak Maryland ak New Jersey, alòske lòt eta tankou Pennsylvania ap goumen toujou pou yo reyisi pase lwa pa yo a nan mitan divizyon ant pati politik yo.

‘Delaware se yon eta ki louvri bra li pou akeyi moun’

Plis pase youn sou 10 abitan Delaware te pran nesans andeyò peyi Etazini. Chif sa pi ba pase mwayèn nasyonal la ki se 15%, selon rapò Pew.

Men malgre Delaware reyisi mete sou pye ONA nan eta a ane sa epi lòt eta inogire biwo pa yo tou, tankou nan Maryland ak New Jersey, gen kèk lòt eta ki gen difikilte pou yo rive ateri inisyativ pa yo.

Nan Pennsylvania, pa ekzanp, sa fè plis pase 10 lane depi y ap pouse pou yo tabli ONA pa yo. Divizyon nan mitan patizan pati politik yo bloke ouvèti biwo a, daprè Senatè Pennsylvania Sharif Street ki se prensipal sipòtè pwopozisyon lwa pou tabli biwo a. Baltazar-Lopez konseye moun ki ap pledwaye pou inisyativ sila ta dwe eseye prezante li tankou yon kesyon ki nan enterè tou 2 pati politik yo paske biwo sa pral ede imigran entegre yo epi pote benefis pou ekonomi lokal yo. 

Li deklare, “Konsantre sou fòs imigran yo ak sa yo kontribye nan sosyete nou an. Mwen panse ke se nan wout sa yo dwe pase pou yo mete kalite biwo sa  yo sou pye nan chak eta.

Alafen, Baltazar-Lopez di sa ki enpòtan, se devlope kominote ki pi djanm.“Nou vle pou kominote imigran yo nan Delaware ak nan lòt eta vwazen yo konnen ke Delaware  se yon eta ki louvri bra li pou akeyi moun,” Baltazar-Lopez di.  “ Nou espere lè nou fin byen chita, mete pye nou atè, moun pral kòmanse plis konprann nou, sitou nan moman si la kote moun pè epi yo pa wè klè.”